Luke 22:44
Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.
45Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.
Cross References
Genesis 32:24Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.
Psalms 22:12(022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Psalms 69:14(069:15) Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.
Psalms 130:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.
Lamentations 3:53Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.