Lik 22:47
Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.
Bib La
In The King James Version
In Context
46Li di yo: Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
48Men, Jezi di li: Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?
Cross References
Matthew 26:45Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo.
Mark 14:41Lè l' tounen twazyèm fwa a, li di yo: -N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase koulye a. Lè a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.
John 18:2Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo.