Luke 23:33
Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi.
34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
Cross References
Deuteronomy 21:23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
Zechariah 12:10M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.
Matthew 26:2Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a.
Mark 10:33Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo.
Luke 24:7Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò.
John 12:33(Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.)