Zechariah 12:10
M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm.
11Lè sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn nan plenn Megidon an.
Cross References
Genesis 45:2Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an.
1 Samuel 7:2Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Seyè a pou mande l' sekou.
Psalms 51:12(051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
Isaiah 32:15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Isaiah 59:19Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.
Jeremiah 31:9Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.