Lik 23:56
Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:8Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.
Exodus 35:2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
2 Chronicles 16:14Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Jeremiah 17:24Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a,
Luke 24:1Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.