Lik 24:44
Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Li pran l', li manje l' devan je yo.
45Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Genesis 22:18Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
Leviticus 16:2Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.
Numbers 35:25Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri.
Psalms 2:1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
Psalms 22:1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?