The Bible Software
bible.software › Genesis › Genesis 3 › Genesis 3:15

Genesis 3:15

Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.

Bib La

In The King James Version

And I will put enmity between thee and the woman, and between thy seed and her seed; it shall bruise thy head, and thou shalt bruise his heel.

In Context

14Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.

16Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.

Read all of Genesis 3

Cross References

Numbers 21:6Lè sa a, Seyè a voye yon bann ti sèpan sou pèp la. Kote sèpan sa yo mòde ou la boule kou dife. Yo mòde pèp la. Anpil moun te mouri.

Isaiah 7:14Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).

Isaiah 53:12Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.

Daniel 9:26Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.

Micah 5:3Se konsa, Seyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la.

Matthew 1:25Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Genesis 3:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Genesis 3:14Genesis 3Genesis 3:16 →