Lik 24:46
Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.
Bib La
In The King James Version
In Context
45Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.
Cross References
Psalms 22:1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.
Luke 24:26Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li?
Acts 4:12Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
1 Peter 1:3Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.