1 Peter 1:3
Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:15-Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m', lè li te di l' konsa:
1 Chronicles 29:20Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.
Psalms 41:13(041:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
Psalms 86:5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Isaiah 26:19Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.
John 1:13Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.