Luke 3:14
Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a.
15Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la.
Cross References
Exodus 23:1Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.
Matthew 8:5Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa:
Acts 10:7Fini zanj Bondye a fin pale, li ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l' ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou.
Philippians 2:15pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la,
1 Timothy 6:8Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.
Hebrews 13:5Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.