Lik 3:16
Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la.
Cross References
Isaiah 4:4Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la.
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
Joel 2:28Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
Malachi 3:2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.
Mark 1:7Li t'ap mache bay mesaj sa a: -Moun k'ap vin apre m' lan gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase pou m' ta bese demare sapat ki nan pye li.
John 1:33Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.