Lik 3:32
David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 1:7Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
Numbers 7:12Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a.
1 Samuel 17:58Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.
1 Kings 12:16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
1 Chronicles 2:12Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.