Lik 4:23
Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovèb sa a sou mwen: Dòktè, geri tèt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fè lavil Kapènawòm; fè yo isit la tou, nan peyi pa ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 4:13Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.
Matthew 11:23Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a.
Mark 1:21Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay.
Mark 6:1Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan lavil kote l' te grandi a. Disip li yo te ale avè l' tou.
Luke 6:42Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m', kite m' wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la.
John 4:28Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo: