Matie 11:23
Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo.
Cross References
Genesis 13:13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
Isaiah 14:13Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.
Ezekiel 16:48Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pa t' janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo.
Ezekiel 31:16Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.
Matthew 4:13Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.
Matthew 16:18Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.