Lik 4:6
Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè.
7Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou.
Cross References
Esther 5:11Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an.
Isaiah 23:9Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l' te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.
John 12:31Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.
2 Corinthians 11:14Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.
1 Peter 1:24Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe.
Revelation 12:9Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.