Lik 5:17
Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Men, Jezi wete kò l', li al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyè.
Cross References
Matthew 11:5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.
Mark 3:22Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.
Mark 7:1Farizyen yo ak kèk dirèktè lalwa te soti Jerizalèm. Yo sanble bò kote Jezi.
Luke 2:46Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou.
Luke 5:30Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal?
Luke 7:30Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.