Lik 5:30
Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal?
Bib La
In The King James Version
In Context
31Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.
Cross References
Matthew 21:28Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.
Mark 9:16Li mande disip li yo: -Sa n'ap diskite konsa?
Luke 5:21Dirèktè lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latè ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sèlman.
Luke 7:34Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.
Luke 15:1Tout pèseptè kontribisyon yo ak moun k'ap fè sa ki mal yo t'ap pwoche bò kot Jezi pou tande sa l' t'ap di.
Luke 19:7Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche.