Lik 8:21
Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou.
Cross References
Matthew 7:21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Matthew 28:10Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen.
Luke 11:27Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!
John 13:17Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
John 20:17Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou.