Lik 8:54
Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve.
Bib La
In The King James Version
And he put them all out, and took her by the hand, and called, saying, Maid, arise.
In Context
53Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri.
55Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l' manje.
Cross References
Jeremiah 31:32Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa!
Mark 1:31Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.
Mark 8:23Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy?
Luke 7:14Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.
John 5:21Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.
John 11:43Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!