Lik 9:34
Pandan li t'ap pale konsa, yon nwaj vin kouvri yo ak lonbraj li. Lè disip yo wè nwaj la ap vin sou yo, yo te pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
Judges 6:22Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!
Psalms 18:9(018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
Daniel 10:8Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m' pa t' gen fòs menm, figi m' te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen.
Mark 9:7Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.