Mak 9:7
Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Li pa t' konnen sa pou l' te di tèlman yo te pè.
Cross References
Exodus 24:16Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.
Deuteronomy 18:15Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.
Psalms 2:7Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
Daniel 7:13Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.
Matthew 17:5Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.
Matthew 27:43Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.