Lik 9:39
Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
40Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab.
Cross References
Mark 9:20Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen.
Luke 4:35Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal.
John 8:44Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.
Revelation 9:11Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.