Jan 8:44
Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.
45Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen.
Cross References
Genesis 3:3Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.
Genesis 4:8Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li.
1 Chronicles 21:1Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 18:21Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
Job 2:4Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.
John 6:70Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.