Lik 9:41
Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit.
Bib La
In The King James Version
In Context
40Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab.
Cross References
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
Numbers 14:11Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!
Deuteronomy 32:5Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun.
Psalms 78:8Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.
Matthew 3:7Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Matthew 12:39Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.