Malachi 1:12
Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:4Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a?
Ezekiel 36:21Sa te ban m' tèt chaje pou m' te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t'ap derespekte non m' nan tout peyi kote yo pase.
Amos 2:7Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.
Malachi 1:13Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa.
Romans 2:24Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.