Malachi 1:5
Moun Izrayèl yo pral wè sa ak pwòp je yo. Epi y'a di: Seyè a gen pouvwa menm andeyò peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
And your eyes shall see, and ye shall say, The LORD will be magnified from the border of Israel.
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:7Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Seyè a te fè.
1 Samuel 12:16Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Seyè a pral fè devan je nou.
Psalms 35:26Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
Psalms 83:17(083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.
Ezekiel 38:23Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.
Micah 5:4Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa.