Malachi 2:12
Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Seyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Seyè ki gen tout pouvwa a pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:3Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a.
Leviticus 20:3Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.
Numbers 24:5Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo!
1 Samuel 2:31Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.
1 Samuel 15:22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
Ezra 10:18Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.