Malachi 2:13
Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Seyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Seyè a pa menm gade ofrann nou fè l' yo, li derefize asepte anyen nan men nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 15:9Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò.
1 Samuel 1:9Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Seyè a.
Nehemiah 5:1Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.
Psalms 78:34Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.