Malachi 2:16
Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 5:20Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?
Isaiah 28:20Jan pawòl la di a, n'ap tankou moun k'ap chache kouche sou yon kabann twò kout pou yo, anba yon lenn ki manke lajè.
Isaiah 59:6Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.
Matthew 5:31Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs.
Mark 10:2Kèk farizyen pwoche bò kote l' pou yo wè si yo te kapab pran l' nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li?