Malachi 2:15
Eske Bondye pa t' fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Poukisa li te fè sa? Se pou nou te ka fè pitit ki pou sèvi l'. Konsa, fè respè tèt nou! Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:7Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Genesis 6:2Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
Genesis 24:44Ou mèt bwè! Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou, tanpri fè se li menm ou chwazi pou madanm pitit mèt mwen an.
Genesis 27:46Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!
Deuteronomy 7:4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.
Nehemiah 13:24Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdòd la ase ou ankò yon lòt kalite lang. Yo pa t' konn pale lang nou an.