The Bible Software
bible.software › Malachi › Malachi 2 › Malachi 2:5

Malachi 2:5

Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. E mwen te ba yo l'. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'.

Bib La

In The King James Version

My covenant was with him of life and peace; and I gave them to him for the fear wherewith he feared me, and was afraid before my name.

In Context

4Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

6Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal.

Read all of Malachi 2

Cross References

Exodus 32:26Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li.

Numbers 8:15Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.

Numbers 18:8Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.

Deuteronomy 33:8Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo.

Psalms 106:30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.

Ezekiel 34:25M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Malachi 2:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Malachi 2:4Malachi 2Malachi 2:6 →