Malachi 2:9
Se poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n' di yo sa lalwa a mande.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:17Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.
1 Kings 22:28Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Jeremiah 28:15Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.
Jeremiah 29:31-Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti.
Ezekiel 13:21M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.