Malachi 2:10
Eske se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Joshua 23:12Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,
Ezra 9:11ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'.
Nehemiah 13:29O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!
Psalms 100:3Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
Isaiah 43:7Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.