Isaiah 40:10
Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
Psalms 66:3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Psalms 110:6L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.
Isaiah 49:4Mwen menm, mwen t'ap di nan kè m': Se pou dan ri m'ap fatige kò m'. Se pou gremesi mwen travay jouk mwen fèb. Men, m'ap toujou gen konfyans: Seyè a va ban m' rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Seyè a.
Isaiah 51:5Mwen p'ap mize vin sove nou. Talè konsa m'ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y'ap tann mwen vin delivre yo.
Isaiah 59:15Pa gen moun serye ankò! Si ou pa fè tankou tout moun, se ou k'ap anba. Seyè a wè sa. Sa te fè l' mal paske pa t' gen jistis nan peyi a.