Malachi 3:13
Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 32:14Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m'?
Job 34:7Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè.
Psalms 10:11Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.
Isaiah 5:19Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l'. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.
Isaiah 37:23Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Ezekiel 35:13Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal.