Malachi 3:14
Nou te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Seyè a mande, pou li fè Seyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal?
Bib La
In The King James Version
In Context
13Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa?
Cross References
Job 21:15Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?
Job 34:9Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye.
Psalms 73:8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
Isaiah 58:3Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.
Joel 2:12Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!
Zechariah 7:3Yo te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k'ap sèvi nan tanp Seyè a keksyon sa a: -Pandan senkyèm mwa a, èske se pou nou toujou pran lapenn pou tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo?