Mak 1:22
Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. Se pa t' menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:
Cross References
Jeremiah 23:29Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.
Matthew 13:54li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Mark 7:3Farizyen yo ak tout lòt jwif yo pa t' janm manje san yo pa t' lave men yo byen lave. Nan sa, yo t'ap swiv koutim granmoun lontan yo.
Luke 21:15Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.
Acts 6:10Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li.
2 Corinthians 4:2Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.