Lik 21:15
Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 2:6Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
Luke 12:12Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.
Acts 2:4Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
Acts 4:31Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Acts 24:25Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò.
Ephesians 6:19Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.