Mak 1:5
Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
Psalms 32:5Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
Matthew 3:5Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan.
John 1:28Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a.
Acts 2:38Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
1 John 1:8Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.