Akdèzapot 2:38
Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Joel 2:28Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
Matthew 3:2Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
Matthew 4:17Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
Matthew 28:19Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.