Mak 10:1
Jezi kite kote l' te ye a; li ale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l'; li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l' te toujou konn fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ecclesiastes 12:9Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo.
Matthew 4:23Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Mark 2:13Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay.
Mark 6:6Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
John 10:40Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.
John 18:20Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.