Matie 4:23
Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li.
Cross References
Psalms 103:3Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo.
Matthew 8:16Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.
Matthew 10:7Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive.
Matthew 12:9Jezi kite kote l' te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo.
Matthew 13:54li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Matthew 15:30Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.