Mak 10:39
Yo di li: -Nou kapab. Jezi reponn yo: -Se vre. n'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Mark 14:36Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
John 15:20Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.
Acts 12:2Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe.
Revelation 1:9Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M'ap pataje tout bagay ak nou, kit se soufrans nou, kit se gouvènman Bondye ki wa a, kit se pasians Jezi ban nou an. Yo te ban mwen yon lil yo rele Patmòs pou prizon paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a ansanm ak verite Jezi te moutre a.