Mak 10:38
Jezi reponn yo: -Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?
Bib La
In The King James Version
In Context
37Yo di li: -Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè wa nan tout bèl pouvwa ou.
Cross References
Psalms 75:8(075:9) Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
Jeremiah 25:15Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.
Matthew 20:21Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.
Mark 14:36Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
Luke 22:42Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou.
Romans 8:26Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.