Mak 10:47
Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Matthew 2:23Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: y'a rele l' moun Nazarèt.
Matthew 12:23Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?
Matthew 20:30Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
Matthew 21:11Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.