Matie 20:30
Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi.
Cross References
Psalms 146:8Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Isaiah 42:18Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen!
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Matthew 12:22Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè.
Matthew 21:9Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!