Mak 10:52
Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
51Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò.
Cross References
Psalms 146:8Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Matthew 9:22Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l' konsa: Pran kouraj, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.
Matthew 11:5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.
Matthew 15:28Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lè a, pitit fi l' la geri.
Mark 1:31Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.