Isaiah 35:5
Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Bib La
In The King James Version
Then the eyes of the blind shall be opened, and the ears of the deaf shall be unstopped.
In Context
Cross References
Job 33:16Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.
Proverbs 20:12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
Isaiah 32:3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.
Isaiah 42:16M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Isaiah 48:8Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.
Jeremiah 6:10Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.