Mak 11:10
Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 148:1Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!
Jeremiah 33:15Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri.
Ezekiel 34:23M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.
Hosea 3:5Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l', y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l'.
Luke 1:31Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.
Luke 19:38Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!