Mak 11:25
Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
Cross References
Matthew 5:23Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:
Matthew 6:12Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Matthew 18:23Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo.
Luke 18:11Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.
Colossians 3:13Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
Revelation 11:4De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.